Ayiti pap Peri !

Yon nouvo plan daksyon sitwayen, se sèl sa ki kapab sove Ayiti!                                Gen yon ansyen chèf Deta ki te di: Lèw Presidan wa konprann!

Mwen te toujou ap analize an pwofondè kri de dezespwa sa a ke Prezidan an te lanse a. Finalman, mwen di bon! Pawòl sa a pa pou tout moun konprann, paske tout moun pap rive Prezidan!

Ebyen, lèm ap analize pètinans Prezidan dominiken an, Abinader ki trete Ayiti de Somali. Mw eseye retounen nan deklarasyon sa a pou m al gade nan pwofondè li, rezon politik ki pouse ansyen Presidan an fè deklarasyon sa a. Ebyen, mwen finalman rann mwen kont ke se pat yon deklarasyon nouvo! Kidonk, gen yon ansyen lòt Prezidan ki te fè yon deklarasyon menm jan an, men sou yon lòt ang! Memwa nou ase bon pou nou sonje deklarasyon sa a e map site pou Nou:

Jou demokrasi a menase nan peyi sa a, lap fè nwa, lajounen tankou lannwit!*

Ebyen, sa pote m panse ak Prezidan aktyèl la ki di:  Nap mande l pou li ale, kisa nou pral fè ak sila yo lap kite dèyè li yo?

San mwen pa ale pi lwen, kite m di nou, fè Ayiti tounen yon Somali jounen jodia, se pa yon pwojè ki te kout non, se yon reyalizasyon byen òkestre de yon kominote Entènasyonal koupab jouk nan zo ak konplisite pafwa Repiblik Dominikèn, ki kanalize tout sòt de zam pou vin anpwazone trankilite peyi sa a, jodia yo gen grenn pou yap trete nou de Somali.

Si jounen jodia Ayiti kapab sa li ye a, se gras ak edikasyon pèpè sa a papa nasyon an, ki malerezman nan epòk la te yon analfabèt pou kont pal, kite pou nou kòm eritaj.

Si Jean Jacques Dessalines te kite masakre tout ansyen kolon san distenksyon, jounen jodia, patap gen lè frè Jeswit kap aprann ti moun lekòl nou yo la biwokrasi nan plas teknik ak pratik agrikòl, pwiske yo aprann nou ke se nan travay latè chans pou nou devlope peyi Nou chita.

Lekòl nou genyen jounen jodia aprann nou travay pou nou jwenn yon ti sal bab pou sa nou fè, men li pa devlope okenn anvi pou elèv nou yo kreye anyen!

Ebyen, edikasyon kolonyalis sa a kòz nou vin genyen dè dirijan depandan, de Prezidan ki toujou panse yo genyen yon blan ki pou vin di yo kisa yo dwe fè.

Ebyen, somalizasyon peyi sa a se yon veritab konplo e map pwofite pou m bay Prezidan Martelly repons ak pwopo sa a ki te rann li trè popilè nan epòk la! Ebyen prezidan siw panse se lè nou prezidan nap konprann, ebyen map diw:

Se lew pa Presidan ankò wap konprann

Pwiske, lè nou Prezidan nou pito chwazi peyi gwo lajan ak swadizan espesyalis etranje pou jere pouvwa prezidansyèl nou, san nou pa panse avek edikasyon pèp sa a, ebyen zam nap distribiye nan tout katye popilè tankou pate cho a, nou pap gentan mouri, zam sa a yo ap tounen kont pwop nou menm, kont pitit Nou ak pwop pitit pitit nou.

Prezidan Aristide se youn nan premye prezidan ki konprann si li mete zam nan men tout patizan li yo, lap kapab gade pouvwa a pou toutan. Ebyen se lè misye pèdi pouvwa li te rive konprann ke li te nan erè!

Prezidan Preval pat vrèman rantre a fon nan lojik sa a e se pou sa li te rekonpanse epi rive fè 2 manda, malgre kominote entènasyonal mafia a te fè anpil atanta pou te ranvèsel. malgre se li menm ki te komanse likide bwat piblik nou yo, mw vle pale de vann anpil nan sèvis leta yo bay gwo mafia ki regroupe yo an asosiyasyon jounen jodia ki rele tèt yo Core Group.

Ayiti patap ka rive nan eta Somali jounen jodia si se pat konplo OEA, ONU ak Union ewopeyen! Si se pat konplisite Repiblik Dominikèn ki bay lojistik ak mafia entènasyonal la pou manniganse tout vye kou pou fè de Ayiti sa li ye jounen jodia.

Pèp Ayisyen an se yon pèp ki pa gen vyolans nan san li, sinon se lè l tèlman jennen, ou kapab jwenn nan san yo kèk gout san moun ki revolte.

Adolph Hitler te di yon fwa:              Depouye yon poul de tout diyite l, depi se ou menm ki gen manje a nan men w, malerezman se bouwo li a lap swiv!

Jounen jodia, pèp Ayisyen an tonbe nan pyèj sa a, se pwòp bouwo Nou yo kap ba Nou leson moral.

Repiblik Dominikèn mal plase anpil pou li ta trete Ayiti de Somalie, pwiske li se youn nan eta kle ki deklanche vann Somali a lakay Nou. Men sa Abinader petèt bliye, maleng nan mèt santi, lap oblige bouche nen l pou li viv avè l, paske Ayiti, Repiblik Dominikèn kondane pou viv ansanm epi anyen pap ka anpeche sa.

Nan distribiye zam bay tout ti malere nan katye popilè yo pou fè pa janm gen lapè pa bò lakay, ebyen sant santi a, dlo sal la ap vole sou yo tou! Paske menm bandi sa yo gen pou vin tounen kont yo ankò.

Moman an rive pou m reponn ak Prezidan Jovenel ki te mande ak moun kap mande pou li ale yo, kisa yap fè ak tout kalte bandi lap kite yo?.

Ebyen Prezidan, mande Prezidan Aristide lè l te kite pouvwa an 2004 eske lame wouj nan site solèy te detwi la vi nèt nan peyi Dayiti?

Son excellence, apre manda ou a, kapab gen kèk ti reprezay jan ou panse a se vre, men lavi pap fini pou sa.

Sa mwen gen pou m di nan kriz sa a kap manje peyi a nan tout nanm li an, solisyon an pa lòt kote ke nan yon gwo chita pale otou de yon lide nasyonalis. Men sa mwen ta sijere:

1) Fèmen peyi a, bay tout lòt peyi etranje yon ti distans pandan yon ti tan. Paske apre Nou fin grennen mayi a, Nou rive nan moman pou Nou konte bougon yo. Ebyen pwovèb la di *linge sale se lave en famille* ebyen nap mande tout etranje eskiz, paske fòk nou mete lòd nan dezòd.

2) Si Nou rive fèmen peyi a tout bon, Nou pa kite okenn move zangi rantre, ebyen nap kapab rive swa fè sila yo ki pi fèb yo tande rezon, oubyen jan defen an te di sa, mouri avèk sa ki nan men yo a.

Pwoblèm zam nan ap tou rezoud, nap tou mete sou pye yon lòt edikasyon pou prepare moun pou vin dirije peyi Nou.

Aprè Nou fin mete lòd nan dezòd, nap konte kadav, nap panse sila yo ki blese, epi nap relouvri pòt pou pitit peyi a ki te kouri kite l pou ensekirite a retounen vin envesti lakay yo.

Ebyen pòt la ap louvri tou pou tout pitit peyi a ki te kouri kite l pou al vann san yo nan peyi etranje

Aprè nou fin verifye pòt peyi a byen estriktire, kounya nap kapab gade nan je, pou nou chwazi ki yes nap recevwa lakay Nou, ak ki yes Nou pap bezwen sèvis yo ankò.

Yon lòt Ayiti posib, si Nou se Somali jodia, Abinader, Repiblik Dominikèn se prensipal benefisyè sitiyasyon kawotik sa a kominote entènasyonal la enstale nan peyi a.

Amos Sybrun